ANALIZ SEMYOTIK TÈKS LAKOU TRANKIL

Dans la rubrique « créole » du quotidien francophone haïtien « Le Matin » (édition du dimanche 28 septembre 2008), cette très intéressante analyse sémiotique qui prouve, s’il en était encore besoin, que la langue créole possède toutes les capacités d’investir le domaines de la réflexion abstraite…
Espas kreyòl la felisite Bélo pou premye pri dekouvèt RFI a li ranpòte nan peyi Kamewoun nan. Felisitasyon ! Nan okazyon sa a nou pwofite pibliye yon analiz semyotik pwofesè Wesner Mérant te fè sou tèks « Lakou (…) – Ayiti


Dans la rubrique « créole » du quotidien francophone haïtien « Le Matin » (édition du dimanche 28 septembre 2008), cette très intéressante analyse sémiotique qui prouve, s’il en était encore besoin, que la langue créole possède toutes les capacités d’investir le domaines de la réflexion abstraite…

Espas kreyòl la felisite Bélo pou premye pri dekouvèt RFI a li ranpòte nan peyi Kamewoun nan. Felisitasyon ! Nan okazyon sa a nou pwofite pibliye yon analiz semyotik pwofesè Wesner Mérant te fè sou tèks « Lakou trankil » li a. Nan analiz sa a, li pèmèt nou wè konpozisyon tèks la, jan li òganize l epi sa ki kache dèyè tèks la. Ann nou li !

Douvan-pawòl

« Analiz se yon etid byen detaye sou yon ansanm men ki fèt avèk eleman diferan yo mete apa nan ansanm nan, apre sa yo mete tout eleman sa yo nan yon operasyon yo rele sentèz ». Nan kad travay sa a, n ap fè analiz semyotik tèks Murat Jean Bélony (Bélo) « Lakou trankil ». Nan analiz semyotik la, n ap konsidere tèks la tankou yon siy, yon inite ki granmoun tèt li. Se pa ideyoloji ki travèse tèks la, se pa sa atis la te vle di, se pa epòk ni kote tèks la te ekri ki enterese nou. Sa ki entèrese nou nan analiz semyotik la se chache konprann ki jan tèks la fonksyone pou l ka pwodui (degaje) sans. Pou nou rive fè sa nou pral demonte tèks la moso pa moso epi egzamine relasyon ki genyen ant chak blòk moso sa yo. N ap sèvi ak eleman ki anndan tèks la (eleman lengwistik) pou nou montre koyerans, òganizasyon ak estrikti tèks la kit se nan fason chantè a ap rakonte istwa a (fòm narativ) kit se nan fason ki montre mesaj la genyen sans (fòm diskou a). Kidonk, analiz semyotik la ap fèt sou de plan : 1) plan sentag- matik (nivo sentaks/narasyon) ; 2) plan paradigmatik (nivo sematik/ diskou)

Nan premye nivo a n ap chache dekouvri plan òganizasyon sentaks tèks la, òganizasyon aktan yo ansanm ak fonksyon yo, anchenay mo pou fè fraz, anchenay fraz pou fè paragraf ansanm ak wòl yo. Nan dezyèm nivo analiz la n ap chache dekouvri espas semantik tèks la, n ap wè ki jan mo yo, fraz yo ak paragraf yo pran sans, sou ki opozisyon fondamantal tèks la chita ansanm ak relasyon ki genyen ant diferan diskou yo.

Travay analiz sou tèks « Lakou trankil » Bélo a chita sou plizyè rezon e li kapab itil divès kalite moun. Nou genyen 2 objektif : 1) montre teknik otè a itilize pou li kapab di sa l di a 1) montre atis la se pa senpman pòtpawòl, li angaje l lè li di sa l di a jan l di l la. Tout travay syantifik dwe chita sou yon baz teyori. Nou te fouye nan anpil liv pou nou te jwenn diferan teyori, apwòch ak definisyon kèk konsèp ki te pèmet nou analize tèks Belo. Nou sèvi avèk teyori (apwòch) sa yo : 1) semyotik ; 2) enonsyason ; 3) analiz diskou ; 4) pragmatik. Òganizasyon sentaks tèks la

Tèks la genyen 5 pati (tit la ak 4 estwòf/paragraf), twa kalite sekans : sekans lòd/sijesyon (liy1-7, 14 – 28, 33 – 50), sekans esplikasyon (liy8–13), sekans narasyon (liy25-32). Nan sekans lòd/sijesyon yo, chantè a poze yon kondisyon lè l sèvi ak konektè si + aksyon, li pase lòd oswa li bay sijesyon lè l sèvi ak mòd enperatif ). Nan sekans espli- kasyon yo chantè a esplike epi li tou bay agiman. Nou jwenn fraz deklare. Sekans sa a pran fòm yon dyalòg men se yon sèl moun k ap pale, kidonk se yon dyalòg fiktif (nou te kapab rele sekans sa a sekans dyalòg tou). Nan sekans narasyon an chantè a tanmen rakonte ki jan sa te ye, ki jan sa ye ak ki jan sa ta dwe ye.

Ann konsidere ESPAS la. Atis la sèvi ak yon espas senbolik redui pou reprezante espas ki pi laj la. Kon sa, esperyans lakou a se espresyon eta peyi a jan Ayisyen viv ladan. Moun k ap fè analiz semyotik ta kapab konsidere lakou a tankou yon « Mikwo Espas » pou pale sou yon espas ki pi gran sa vle di yon « Makwo Espas » ki se peyi. ‘Mikwo’ (piti), ‘Makwo’ (gran) soti nan lang Grèk. Espas sa a egziste anndan yon sosyete. E mo sosyete parèt nan 6èm vè 2 èm estwòf la.

Ann konsidere kesyon tan an nan tèks la. Pa gen eleman ki reprezante espresyon tan aklè nan tèks la. sepandan, gen anpil endis ki montre se nan tan n ap viv la (kounye a) pou nou chèchè referans tèks la. Nan sans sa a, tan vèbal la bay endika- syon sou tan, nan sans epòk. Tout tèks la nèt ekri nan tan prezan. Sa montre otè a aktyalize mesaj li vle fè pase a.

Mòd vèbal la tou se yon lòt endis ki bay referans sou tan. Genyen de mòd ki domine tèks la : mòd endikatif ak mòd enperatif. Atis la sèvi ak endikatif la pou dekri eta lakou a : Gad ki jan lakou a kraze, …. Li sèvi ak enperatif la pou l pase lòd men nou ta kapab di pito pou l fè sijesyon : Fò ou montre bòn volonte. Nou jwenn yon fiti nan tèks la ki genyen yon valè kondisyonnèl : Se va yon devwa pou tout rastamann pou mete lod, mete lòd… Ann swiv…

voir le site du Matin


Posté: 2008-09-29 07:23:38


Lire le texte complet